Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ikrèn nan Mete an Disponiblite 2 Pwòch Kolaboratè: Se pi Gwo Chanjman nan Kabinè Ministeryèl la Depi Lagè Ikrèn nan te Kòmanse


Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy pandan yon konferans pou lapres nan Kyev, 11 Jiye, 2022.
Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy pandan yon konferans pou lapres nan Kyev, 11 Jiye, 2022.

Kyèv - Nouvèl ki sòti Kyèv fè konnen Prezidan Volodymyr Zelenskyy revoke yon zanmi danfans li ki t ap dirije sèvis sekirite Ikrenyen an, plis yon lòt alye ki te nan pòs Avoka Prensipal, nan sa ki reprezante pi gwo pasemen li fè nan administrasyon piblik la depi lagè nan Ikrèn nan te kòmanse; rezon lidè ikrenyen bay pou aksyon sa a, sè ke 2 mesye-dam yo ta echwe nan misyon yo te genyen pou yo dechouke espyon ris yo.

Karyè chèf Sèvis Sekirite a, Ivan Bakanov, ak Pwokirè prensipal la, Madam Iryna Venediktova, te senbolize politik Zelenskyy ap aplike e ki mete jenn moun lwayalis nan tèt efò pou konbat koripsyon depi li te monte sou pouvwa a an 2019.

Sepandan, prèske 5 mwa apre kòmansman envazyon Larisi a, prezidan an rekonèt ke 2 alye sa yo pa rive elimine trèt ak kolaboratè k ap travay nan 2 òganizasyon yo.

Zelenskyy, ki t ap abòde dosye a dimanch, deklare 2 moun yo pèdi job yo. Vis direktè administrasyon Zelenskyy a ta pral klarifye sitiyasyon an pi ta nan jounen lendi a lè li di yo mete 2 moun konsène yo an disponiblite administratif ann atandan plis ankèt fèt sou sitiyasyon yo; men sa pa revoke gouvènman an revoke yo.

XS
SM
MD
LG