Accessibility links

Breaking News

Putin ak Erdogan pral Diskite sou Fason Yo Kapab Ekspòte Ble ki an Ikrèn yo Madi


FILE - In this Sept. 29, 2021, file photo, Russian President Vladimir Putin, right, and Turkish President Recep Tayyip Erdogan talk during their meeting in the Bocharov Ruchei residence in the Black Sea resort of Sochi, Russia.
FILE - In this Sept. 29, 2021, file photo, Russian President Vladimir Putin, right, and Turkish President Recep Tayyip Erdogan talk during their meeting in the Bocharov Ruchei residence in the Black Sea resort of Sochi, Russia.

Prezidan Ris ak Tik yo pral diskite nan Teheran demen Madi a sou yon mekanis ki kapab pèmèt ekspòtasyon ble ki soti nan Ikrèn. Sereyal sa yo bloke nan peyi a depi kòmansman operasyon militè Ris yo, sa lakòz yon kriz manje nan lemonn.

Negosyasyon ki enplike Moskou, Kyev, Ankara ak Nasyonzini gen pou dewoule nan jou k ap vini yo nan peyi Tiki, apre chita pale yo te pwogrese nan dat 13 jiyè pase a.

"Premyèman, nou pare yo kontinye travay la nan direksyon sa a, dezyèmman, tèm sa a pral diskite pa prezidan yo" Vladimir Putin ak Recep Tayyip Erdogan, endike nan Lendi.

Ministè defans Ris la te di nan Vandredi ke yon "dokiman final" pral pare yon ti tan pou pèmèt ekspòtasyon sereyal yo soti kite Ikrèn.

Dapre Mesye Ouchakov, yon sant kowòdinasyon dwe louvri tou nan Istanbul pou pèmèt ekspòtasyon sa yo atravè Lanmè Nwa a.

Akò a negosye atravè Nasyonzini an gen pou objaktif pou kite apreprè 20 milyon tòn sereyal soti nan Lanmè Nwa a.

XS
SM
MD
LG