Accessibility links

Breaking News

Prens William, Kate Eseye Ogmante Lyen ant Angletè ak Karayib la


Foto Achiv: Prens William d'Anglete ak madanm ni Kate Duches Cambridge la, 17 Mas 2022.
Foto Achiv: Prens William d'Anglete ak madanm ni Kate Duches Cambridge la, 17 Mas 2022.

Prens William ak madanm ni, Kate pran direksyon Amerik Santral la ak Karayib la, nan moman kèk peyi nan rejyon an anvizaje koupe lyen yo ak monarchi Britanik la.

Koup wayal la pral vizite Beliz, La Jamayi ak Bahamas pandan yon vizit kap dire yon semèn e kap tanmen Samdi.

Vwayaj la gen kom bi pou ranfose lyen ant Angletè ak peyi Commonwealth yo, nan moman La Rèn ap make 70èm ane li sou tron nan.

Sepandan vizit la te fè fas ak pwoblèm menm anvan koup la te monte nan avyon, apre yon vizit yo tap planifye pou fè nan yon bitasyon kakawo nan peyi Beliz te anile akoz opozisyon lokal.

XS
SM
MD
LG