Accessibility links

Breaking News

Nouvo Repiblik Barbad Dekrete Rihanna Ewoyin Nasyonal


Rihanna ki t ap salye fanatikli yo pandan dewoulman yon seremoni kote La Babad tounen yon repiblik. Sete an menm tan seremoni prestasyon sèman Prezidan La Babad la sou Plas Ewo yo nan Bridgetown, La Babad, madi 30 novanm 2021 an.
Rihanna ki t ap salye fanatikli yo pandan dewoulman yon seremoni kote La Babad tounen yon repiblik. Sete an menm tan seremoni prestasyon sèman Prezidan La Babad la sou Plas Ewo yo nan Bridgetown, La Babad, madi 30 novanm 2021 an.

Barbad, ki se dènye repiblik ki fòme nan mond lan fè sipèsta Rihanna tounen youn nan ewo nasyonal li yo.

Depi 1966, La Babad, yon zile ki sitye nan Karayib la, te deja pran endepandans li nan men Wayòm Ini. Li selebre tranzisyon ki debouche sou separasyon total li avèk kouwòn bitanik la apre anviwon 4 syèk.

Chantèz Rihanna te fèt nan La Babad. Li gen 33 zan e li te deja resevwa tit anbasadris zile a nan ane 2018 avèk misyon pou l fè pwomosyon pou tourism, edikasyon ak envestisman.

Premye Minis Babadyen an, Mia Mottley, te di diyitè ki te reyini pou seremoni ofisyèl envestiti nouvo prezidan an nan mwad Oktòb la: "Rihanna bay lemonn antye kèkontan avèk kreyativite li, disiplin li e sitou angajman ekstrawòdinè li pran vizavi peyi li ."

Madanm Mottley te envite chantèz R&B a vin resevwa onè sa a epi li te fè deklarasyon sa a devan asistans la:

"Nan non yon peyi rekonesan ak yon pèp ki fyè, nou prezante w moun ke nou deziye kòm Ewoyin Nasyonal La Babad la, Anbasadris Robyn Rihanna Fenty".

Jwè krikèt Garfield Sobers se sèl lòt ewo nasyonal La Babad ki vivan. Li te prezan pou l bay Rihanna yon akolad. Seremoni an te dewoule an prezans Prens Charles d'Angletè ki rekonèt "atwosite peryòd esklavaj la" kote zile a te soufri anba kolonizasyon britanik. Seremoni an pa t ouvè pou gran piblik la; men kouvrefe ki asosye ak pandemi kowonaviris la pa t anpeche popilasyon an jwi selebrasyon yo.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG