Accessibility links

Breaking News

Orevwa Rèn Elizabèt II : Barbad Tounen yon Repiblik

Barbados's Prime Minister Mia Mottley (L) asks the country's new President Sandra Mason (seated R) to make Barbadian singer Rihanna (C) the country's 11th National Hero during a ceremony to declare Barbados a

Barbad deklare tèt li ofisyèlman kòm repiblik, li pa rekonèt Rèn Elizabèt II ankò kòm chèf leta.

Depi 1966, Barbad te deja pran endepandans li ak Wayòm-Uni. Barbadyen yo selebre tranzisyon soti nan monachi a apre anviwon kat syèk.

Lemond konnen zile sa a pou bel plaj li yo, bon wonm li gen lakay li, epitou se peyi kote sipèsta Rihanna te pran nesans.

A minwi lendi nan Bridgetown, yon seremoni ofisyèl te inogire ranplasman Rèn nan, madam Mason, ki te prete sèman kom dirijan zile a.

Nouvo prezidan an, te sèmante: "Mwen menm Sandra Prunella Mason, mwen sèmante pou m rete fidèl ak pou m kenbe vrè fidelite a Barbad dapre lalwa, avèk èd Bondye."

XS
SM
MD
LG