Accessibility links

Breaking News

Barbad ap Pare pou Tounen yon Repiblik


Women dance during a cultural presentation during the official opening of the Golden Square Freedom Park in Bridgetown, Barbados, on Nov. 27, 2021.
Women dance during a cultural presentation during the official opening of the Golden Square Freedom Park in Bridgetown, Barbados, on Nov. 27, 2021.

Barbad prepare pou wetire Rèn Elizabèt kòm chèf leta, epi tounen yon repiblik, pandan ke li pral koupe lyen enperyal yo anviwon 400 lane apre bato angle yo te rive sou zile Karayib sa a.

Prince Charles te rive Barbad dimanch swa pou l asiste envestiti prezidan eli Sandra Mason ki pral ranplase Rèn Elizabèt kom dirijan zile a.

Premye Minis Mia Mottley, lidè mouvman repibliken Barbad la, pral ede dirije seremoni an. Mottley te atire atansyon le mond le li te denonse efè chanjman klimatik yo genyen sou peyi Karayib yo.

Yon selebrasyon k ap gen ladann mizik ak dans Barbadyen pral kòmanse a 8 p.m. lè lokal (0000 GMT).

Prince Charles pral pwononse yon diskou ki mete aksan sou amitye kontinyèl ki egziste ant Grand Bretay ak Barbad malgre chanjman nan estati konstitisyonèl la.

Sepandan, Barbad pral rete yon repiblik nan Commonwealth la, ki se yon gwoupman 54 peyi atravè Lafrik, Azi, Amerik yo ak Ewòp.

Dènye fwa yon koloni Britanik te retire larenn nan kòm chèf leta sete an 1992 lè Il Moris, yon zile nan Oseyan Endyen an, te pwoklame tèt li yon repiblik.

Chanjman sa a ta ka ankouraje diskisyon sou pwopozisyon menm jan an nan lòt ansyen koloni Britanik ki gen Rèn Elizabèt kòm souveren yo, pami yo la Jamayik, Ostrali epi Kanada.

XS
SM
MD
LG