Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Barbad Prete Sèman pou yon Dezyèm Manda


Foto Achiv: Premye Minis Barbad Mia Amor Mottley.
Foto Achiv: Premye Minis Barbad Mia Amor Mottley.

Premye Minis Barbad la, Mia Mottley prete sèman pou yon dezyèm manda apre pati li ranpote tout syèj yo nan palman an nan premye eleksyon ki fèt sou zile a depi li pran endepandans ak monarchi Britanik la.

Rezilta preliminè yo ki pibliye Jedi endike pati Travayis Mottley la ranpote tou le 30 syèj yo nan Asanble a, ki se chanm bas palman zile a. Savledi premye lidè fanm zile a ranpote yon dezyèm mande kom premye minis.

Prensipal opozan Madan Mottley a, Verla De Peiza ki se manm pati Demokratik Travayis la, aksepte defèt li e chèf kominote Karayibeyen an felisite Mottley pou viktwa a.

XS
SM
MD
LG