Accessibility links

Breaking News

Prens Harry d Angletè ak Madanm ni Meghan Manke Fè Kolizyon ak Paparazzi ki Tap Pousuiv Machin yo


Foto Achiv: Prens Harry ak madanm ni, Meghan Markle nan Nouyok, 23 Septanm, 2021.
Foto Achiv: Prens Harry ak madanm ni, Meghan Markle nan Nouyok, 23 Septanm, 2021.

Yon pot pawol pou Prens Harry ak madanm ni Meghan di koup la te mele nan yon ensidan kote fotograf tap pousuiv machin yo.

Biwo koup la di plis pase 6 machin te pousuiv mesye-dam yo ansanm ak manman Meghan pandan 2 zè d tan apre yo te kite yon evenman charite nan Nouyok Madi.

Yon deklarasyon yo pibliye Mèkredi deklare ke pousuit sa a te rezilte nan plizyè ensidan kote yo manke fè kolizyon ak lot chofè sou wout la, pyeton ak 2 polisye vil Nouyok.

Deklarasyon an di ensidan an te "prèske katastwofik".

Nap raple ke manman Prens Harry, Prensès Diana, te mouri nan yon aksidan oto an 1997, ke paparazzi ki tap pousuiv li nan vil Paris te koze.

XS
SM
MD
LG