Kèk èdtan apre Magdalena Andersson te antre an fonksyon kòm premye minis Lasuèd, li bay demisyon li Mèkredi apre ofisyèl eli yo te rejte pwojè bidjè li a.
Madam Andersson , ki se lidè Pati Sosyal Demokratik la, deside li pi bon pou l kite sa anviwon sèt èdtan apre li te fin fè listwa lè li te tounen premye fanm ki dirije peyi a. Li pran desizyon sa a apre ofisyèl eli yo te apwouve yon bidjè ke opozisyon an te prezante olye de pwojè bidjè pa l la.
Madam Andersson bay yon konferans pou laprès kote li di: "Pou mwen se yon kesyon de respè; mwen pa vle dirije yon gouvènman ki ka gen dout sou lejitimite li".
Prezidan palman an di li pral tanmen diskisyon ak lidè tout pati yo pou wè si fomasyon yon nouvo kowalisyon posib. Dapre Konstitisyon Suedwaz la, yon Premye Minis ka pran tèt gouvènman an si omwen 175 palmantè eli yo pa deklare yo kont li.
Pwochen eleksyon jeneral yo nan peyi Lasuèd fikse pou 11 septanm 2022.