Accessibility links

Breaking News

Polòy Entèdi Chabon Ris Antre Lakay li


Foto Achiv: Yon kamyon chaje ak chabon nan minn Kedrovsky a nan vil Kemerovo, La Risi, 16 Jyen 2015.
Foto Achiv: Yon kamyon chaje ak chabon nan minn Kedrovsky a nan vil Kemerovo, La Risi, 16 Jyen 2015.

Gouvènman Polonè a deside bloke enpòtasyon chabon Ris lakay li. Mezi sa a tonbe nan kad yon strateji pou redwi depandans peyi a sou La Risi apre envazyon Moskou fè nan Ikrèn.

Polòy pral enpoze penalite finansye sou tout konpayi prive ki enpòte chabon Ris, e ajan la dwann Polonè yo pral tcheke tout sa kap antre nan peyi a, dapre pòt pawòl gouvènman an, Piotr Mueller, ki anonse nouvo politik la Madi.

Li ajoute La Polòy paka tann pou tout 27 manm Inyon Ewopeyen an adopte menm politik la.

Apre envazyon La Risi nan Ikrèn, Inyon Ewopeyen an, Etazini ak kèk lòt pwisans mondyal te enpoze yon seri sanksyon ekonomik kont La Risi. Sepandan Ewòp te toujou depann sou La Risi pou enèji nan listwa.

Malgre Polòy pwodwi pi fò chabon li konsome a, li konte sou enpotasyon tou. Chabon Ris la reprezante 13% enèji peyi a sèvi chak ane, dapre Piotr Lewandowski, ki se prezidan Enstiti pou Rechèch Striktirèl nan Vasovi.

XS
SM
MD
LG