Accessibility links

Breaking News

Biden di Kòmantè li fè sou Putin nan te Gen pou Wè ak 'Endiyasyon Moral'


Prezidan Joe Biden pale de Prezidan Ris la Vladimir Putin ak envazyon li fe nan Ikren nan Lamezonblanch, Lendi 28 Mas 2022.
Prezidan Joe Biden pale de Prezidan Ris la Vladimir Putin ak envazyon li fe nan Ikren nan Lamezonblanch, Lendi 28 Mas 2022.

Prezidan Joe Biden deklare li "pap prezante eskiz" e li pap "reprann pawòl li" apre diskou li te pwononse pandan wikèn nan kote li te di Prezidan La Risi Vladimir Putin "paka rete sou pouvwa a. "

Sepandan, Biden ensiste pou di tou li pa mande pou gen yon chanjman nan rejim Moskou a.

Prezidan Biden deklare Lendi ke li patap "eksprime yon chanjman nan politik (Etazini)."

Biden rejte lide kom kwa komantè li fè a taka chofe tansyon yo nan lagè Ikrèn nan.

Li ajoute "mwen tap senpman di yon verite, ke kalite konpòtman sa a konplètman inakseptab."

XS
SM
MD
LG