Accessibility links

Breaking News

Bèljik Mete Deyò 21 Diplomat Ris li Sispèk Kòm Espyon


A vehicle runs into a group of Belgian carnival performers, in Strepy-Bracquegnies
A vehicle runs into a group of Belgian carnival performers, in Strepy-Bracquegnies

Bèljik deside mete deyò 21 diplomat ki tap travay pou anbasad ak konsila Ris la, yo sispèk ki ta enplike "nan operasyon espyonaj ak enfliyans ki menase sekirite nasyonal yo" Sophie Wilmès ki se chèf diplomasi a te anonse Madi.

Desizyon menm jan an te anonse nan plizyè lòt peyi Ewopeyen tankou: Iland ki pral mete deyò 4 diplomat Ris, ak La Oland ki denonse 17 diplomat ki sou tèritwa li, yo ke'l kalifye kòm "ajan entèlijans Ris".

Minis Bèlj la te pibliye sou kont Twitter li yon anons ki te fèt devan yon komite nan Palman an, kote li presize ke 21 moun ki konsène yo pral oblije kite teritwa Bèlj la nan 15 jou.

Sa yo se anplwaye ki soti nan anbasad Larisi la nan Brussels, ak nan konsila a ki nan Antwerp.

Gouvènman Bèlj la pa gen okenn jiridiksyon sou diplomat ki akredite nan Inyon Ewopeyen an (EU) ak Òganizasyon Trete Nò Atlantik, enstitisyon ki gen katye jeneral yo nan Brussels.

Biwo Afè Etranje a nan La Hè te di Gouvènman Olandè a deside depòte moun sa yo "paske yo se on menas pou sekirite nasyonal nou" .

Apre 17 diplomat sa yo kite peyi a, ap rete selman 58 diplomat Ris nan Peyi Ba.

Lòt peyi, tankou Etazini, Polòy ak peyi Baltik yo deja anonse yo mete ajan entèlijans Larisi yo deyò depi lè fòs lame Ris la te anvayi Ikrèn nan dat 24 fevriye a.

Konsènan peyi Baltik yo, Moskou te anonse madi ekspilsyon 10 diplomat an revanj.

XS
SM
MD
LG