Accessibility links

Breaking News

Joe Biden Deklare ke li pa te Reyèlman Mande Chanjman Rejim nan Moskou


Biden-Putin Collage
Biden-Putin Collage

Prezidan Etazini Joe Biden deklare lendi li p ap fè eskiz pou pawòl li sot di kòmkwa Prezidan ris Vladimir Putin paka rete nan pouvwa a, e li ensiste ke li te "eksprime veksasyon moral" e ke li pa te reyèlman mande chanjman rejim nan Moskou.

"Moun konsa pa ta dwe ap dirije peyi, men yo fè l. Lè yo fè li a, sa pa vle di ke mwen pa ka eksprime jan m vekse pou sa," se sa Biden di jounalis yo nan Mezon Blanch ayè lendi a.

Li di, "M pa t ap mande yon chanjman rejim."

Deklarasyon prezidan an sou Putin ki pa t nan tèks diskou a, pandan li t ap pale ak refijye ki soti Ikrèn e ak volontè entènasyonal nan Polòy samdi a, te soulve gwo pawòl anpil nan Etazini e sete yon sipriz ke kèk alye nan lwès Ewòp pa t ap atann ditou.

Se dènye bagay mwen ta renmen fè, kesyon pou m ta angaje nan yon gè atè oubyen yon gè nikleyè ak LaRisi,"

se pawòl Biden pandan li t ap rejte lide ke kòmantè li a ta ka ogmante tansyon sou lagè Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG