Accessibility links

Breaking News

PHTK Rejte Konsepsyon Pwopozisyon Sòtid Kriz 5 Pati Politik yo


Anblèm pati Politik Ayisyen Tèt Kale, PHTK.
Anblèm pati Politik Ayisyen Tèt Kale, PHTK.

Pati Haitien Tèt Kale (PHTK), ki sou pouvwa a, konsidere san fòs egzekitwa antant 5 antite politik opozisyon an siyen antre yo pou diziye yon jij kou kasasyon pou ranplase Prezidan Jovenel Moise sizoka li ta demisyone.

Selon yon nòt de près prezidan pati a, Sainphor Line Balthazar, siyen li konsidere dokiman an kòm yon pwopozisyon pami plizyè lòt. Responsab la di li etone aprann PHTK site kòm aktè ki te patisipe nan konsepsyon akò Entente Politique de Transition an aloske li pa pataje ni metodoloji, ni fòma, ni sa ki figire andedan dokiman an.

Responsab PHTK a di konstisyon 1987 la prevwa mekanis pou renouvle pèsonèl politik la.

XS
SM
MD
LG