Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kriz Sosyo-Politik la Gen Gwo Konsekans sou Sektè Touris la


Devan otèl Best Western nan Petyon Vil Pòtoprens nan moman yon gwo soulèvman kont desisyon otorite ann Ayiti pran pou monte pri gaz la sou mache a. 7 jiyè 2018.
Devan otèl Best Western nan Petyon Vil Pòtoprens nan moman yon gwo soulèvman kont desisyon otorite ann Ayiti pran pou monte pri gaz la sou mache a. 7 jiyè 2018.

Anpil antrepriz ann Ayiti ki depann de sektè touris la oblije limoje plizyè anplwaye yo akoz aktivite yo ki ralanti nan moman peyi a ap travèse yon kriz politik e sosyal san parèy. Manifestan mete dife nan plikzyè biznis prive; menm pòt lekòl rete fèmen de apre dat reouvèti ofosyèl. Otèl yo pa resevwa kantite kliyan yo abitye genyen, yon sitiyasyon ki vin afekte bidjè yo.

Otèl Best Western Premiere branch ann Ayiti a anonse l ap fèmen pòt li definitivman 31 oktòb k ap vini la a dapre anons direktè antrepriz la Karan Kampani fè nan laprès.

Otel Mont Joli nan vil Kap-ayisyen fèmen pòt li tanporèman apre yon gwoup manifestan te atake antrepriz la dapre deklarasyon direktè Steve Mc Intosh fè nan laprès.

Pezidan an ayisiyen ke opozisyon la rann responsab kriz politik la rekonèt peyi a pa travèse yon moman difisil li poko janm konnen avan. Sepandan, lokatè palè nasyonal la pa konte remèt demisyon l jan opozan li yo ap mande l la men pito kwè nan yon dyalòg nasyonal pou yon solisyon ayisyen nan kriz la.

XS
SM
MD
LG