Accessibility links

Breaking News

Rankont pou yon Solisyon Negosye Ant Tout Sektè nan Kriz Ayisyèn Ap Kontinye


Protesters set up barricades in the street during a protest to demand the resignation of president Jovenel Moise in Port-au-Prince, Haiti, Sept. 27, 2019.
Protesters set up barricades in the street during a protest to demand the resignation of president Jovenel Moise in Port-au-Prince, Haiti, Sept. 27, 2019.

Core Group la, ki gen landan reprezantan sekretè jeneral Nasyonzini, Etazini, Kanada, Frans, Uyon Ewòp la, Espay ak reprezantan Oganizasyon Eta ameriken yo, kontinye ap rankontre lidè politik yo nan objektif pou jwenn yon antant ant pouvwa an plas la ak lidè opozisyon an ki dozado.

Mèkredi 2 oktòb 2019 la, reprezantan peyi zanmi Ayiti yo te rankontre ak reprezantan sa obsèvatè yo konsidere kòm opozisyon modere a tankou Eric Jean Baptiste sekretè jeneral RDNP, Clarens Renois responsab pati politik UNIR, Line Balthazard reprezantan pouvwa an plas la PHTK, Jean Gué platfòm politik VERITE ak Dimitri Vorbes yon manb nan sektè dafè a.

Patisipan yo pat vle bay detay sou prensipal pwen ki te diskite pandan rankont la kontrèman ak group lendi a ki di kominote entènasyonal la ap ankouraje dyalòg ant pouvwa a ak opozisyon an. Opozisyon deja di tout sa li bezwen se yon depar òdone prezidan Jovenel Moise. Sipò prezidan an di msye Moise pap fè yon pakita yon panago.

XS
SM
MD
LG