Accessibility links

Breaking News

Kèk Ofisyèl Ameriken Krent pou Kriz Politik la ann Ayiti Pa Vin Enkontwolab


Lese frape ant manifestan ak fòs de lòd yo. Foto achiv: 30 septanm 2019.
Lese frape ant manifestan ak fòs de lòd yo. Foto achiv: 30 septanm 2019.

Depite ameriken Andy Levin, ki te rankontre yon delegasyon palmantè ayisyen nan Washington, mete yon mesaj sou kont Twitter l pou l di diskisyon li te genyen ak delegasyon an konfime krent li genyen pou sitiyasyon an ann Ayiti pa rive nan yon pwen kote li enkontwolab.

Depite Levin di li pral akselere efò nan kongrè a pou chanje politik Etazini yon fason pou pèp ayisyen an jwi menm libète menm jan tout lòt pèp sou planèt la. Bò kote pa l, senatè Marco Rubio di sitiasyon sosyal ak manifestasyon politik ki egziste ann Ayiti ta dwe bay gwo kè sote pou stabilite ak avni demokrasi nan rejyon an.

Etazini ap apiye pèp ayisyen an ak volonte pou jwen yon solisyon pasifik e negosye pou rezoud kriz la. Nou t ap site yon mesaj senatè Rubio mete sou rezo sosyal Twitter.

XS
SM
MD
LG