Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 3 Mou Mori Pa Bal nan Pòtoprens Ki Viv yon Lòt Wikenn Boulvèse


Manifestan nan Pòtoprens kap pwoteste devan yon kòdon sekirite polis nan Petyon Vil, Ayiti, 20 oktòb 2019. Foto: REUTERS/Andres Ma
Manifestan nan Pòtoprens kap pwoteste devan yon kòdon sekirite polis nan Petyon Vil, Ayiti, 20 oktòb 2019. Foto: REUTERS/Andres Ma

Dapre yon bilan pasyèl pòt pawòl adjwen lapolis fè nan laprès ann Ayiti li di gen 2 moun ki mouri pou pipiti ak bal pandan manifestasyon atis yo òganize dimanch 20 oktòb la.

Genyen yon enspektè polis ki mouri tou apre li te resevwa yon bal nan tèt. Pòt pawòl la rapòte plizyè moun blese lè kamyon ki t ap transpòte group pastè pwotestan yo nan manifestasyon an te pèdi fren.

Yon nouvo gwoup politk rejwenn revandikasyon opozisyon politk la kap mande demisyon Prezidan Jovenel Moise. Gwoup sa a gen yon nouvo apwòch sou fason pou ranplase lidè ayisyen an konpare ak sa obsèvatè yo rele opozisyon radikal la. Ansyen senatè Edmonde Supplice Bauzile, reprezantan pati politik Fusion nan nouvo group sa a di yo bouke ak prezidan Jovenel Moise.

XS
SM
MD
LG