Accessibility links

Breaking News

Peken Detèmine pou Frennen Epidemi Coronavirus la ki Deja Touye Mil Moun nan Lachin


Travayè nan yon makèt nan Wuhan ki mete mask pou yo pwoteje tèt yo kont Coronavirus la.
Travayè nan yon makèt nan Wuhan ki mete mask pou yo pwoteje tèt yo kont Coronavirus la.

2 pi gwo responsab lasante nan pwovens Hubei, ki se kote koronaviris la te premye eklate nan Lachin, pèdi pòs yo tap okipe a, nan moman bilan lanmò epidemi an deja depase mil viktim.

Medya chinwa yo rapòte jodi madi 11 fevriye 2020 an, Zhang Jin, ki se patwon komisyon sante pati kominis pwovens Hubei ak Liu Yingzi, ki se direktè komisyon an, jwenn revokasyon yo.

Revokasyon sa yo rive yon jou apre responsab yo fin resanse 103 lòt ka lanmò nan pwovens Hubei ki toujou nan karantèn, kote moun ap plenyen pou mank manje.

Gouvènman santral Peken an deja konfime yon total 43 mil ka maladi sou tout teritwa chinwa a. Yè lendi 9 fevriye a, Prezidan Xi Jibgping te vizite yon lopital nan kapital la kote li lanse apèl pou mezi pi djanm, yon fason pou frennen epidemi an.

XS
SM
MD
LG