Accessibility links

Breaking News

Panelis 6 Janvye: Nou Dekouvri Ase Prèv pou Asiyen Trump


Depite Demokrat eta Kalifoni Adam Schiff koute pandan yon odisyon komite La Chanm kap mennen anket sou atak 6 Janvye sou Capitol la, Jedi 9 Jyen, 2022.
Depite Demokrat eta Kalifoni Adam Schiff koute pandan yon odisyon komite La Chanm kap mennen anket sou atak 6 Janvye sou Capitol la, Jedi 9 Jyen, 2022.

Manm komite La Chanm dè Reprezantan kap mennen ankèt sou atak sou Capitol la di yo dekouvri ase prèv pou Depatman Jistis la konsidere asiyen ansyen Prezidan Donald Trump pou krim - yon bagay ki poko janm fèt Ozetazini - akoz li te eseye fè koken nan eleksyon 2020 an.

Pandansetan, komite a anonse manadjè kanpay Trump 2020 an, Bill Stepien, pami temwen ki pral pale nan odisyon ki fikse pou dewoule Lendi a e ki pral konsantre sou jefo Trump te fè pou pwopaje manti li yo kòm kwa yo volè eleksyon an nan men'l.

Depite Adam Schiff deklare Depatman Jistis la ta dwe mennen ankèt sou "nempòt ki akizasyon aktivite kriminèl" Trump te komèt.

Trump bò kote pa li demanti li te komèt okenn krim.

XS
SM
MD
LG