Accessibility links

Breaking News

Panel 6 Janvye Kongre a Blame Trump pou yon 'Tantativ Kou D'Eta'


Komite Selek La Chanm de Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye a sou Kapitol la fe premye odisyon piblik li pou revele rezilta yon anket ki dire yon lane nan Washington, Jedi 9 Jyen, 2022.
Komite Selek La Chanm de Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye a sou Kapitol la fe premye odisyon piblik li pou revele rezilta yon anket ki dire yon lane nan Washington, Jedi 9 Jyen, 2022.

Yon Panèl La Chanm dè Reprezantan kap mennen ankèt sou revolt 6 Janvye nan Kapitol la blame Donald Trump.

Nan yon odisyon ki te difize sou televizyon nan hè prim yo Ozetazini, palmantè yo di syèj la pat yon aksidan, men pito yon "tantativ kou d'eta" e rezilta yon prezidan dechi ki tap eseye ranvèse rezilta eleksyon 2020 an.

Depite Bernie Thompson, yon Demokrat ki reprezante eta Mississippi nan Kongrè a di atak la te menase "demokrasi konstityant Etazini an".

Panèl la bay detay tou sou sak tap pase dèyè sèn nan e ki bay anpil kè sote nan moman Prezidan Donald Trump tap travay pou ranvèse viktwa Joe Biden ann eleksyon 2020 an.

Pandan temwayaj an dirèk la telespektatè yo te tande istwa yon ofisye ke yo te bat pandan emet la epi istwa yon sineyas ki espesyalize nan dokimantè ki tap trake lese frape manm gwoup ekstremis ki rele tet li Proud Boys (Gason Vanyan).

XS
SM
MD
LG