Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Komite 6 Janvye a Voye Manda Bay Depite McCarthy ak 4 Lòt Palmantè Repibliken


FILE PHOTO: House Minority Leader Kevin McCarthy (R-CA) holds his weekly news conference with Capitol Hill reporters in Washington
FILE PHOTO: House Minority Leader Kevin McCarthy (R-CA) holds his weekly news conference with Capitol Hill reporters in Washington

WASHINGTON - Yon komite espesyal nan Chanm Depite Etazini an lanse manda, jedi, bay lidè repibliken Lachanm nan, Kevin McCarthy, ak 4 lòt palmantè repibliken nan kad ankèt sou mouvman rebelyon vyolan ki te fèt sou Kongrè a 6 janvye 2021 an. Se yon gwo evolisyon ki preske san parèy nan pwosesis la e sa kapab ranfòse plis toujou divizyon ki genyen ant 2 pati yo konsènan atak la.

Komite a ap mennen ankèt sou konvèsasyon Depite McCarthy te genyen avèk ansyen Prezidan Donald Trump nan jou atak la menm plis rankont 4 lòt depite yo te genyen ak La Mezon Blanch anvan rebelyon an, pandan Trump ak pwòch kolaboratè l yo t ap fè efò pou yo ranvèse rezilta eleksyon 2020 an. Jou sa a a, patizan ansyen Prezidan an te sèvi ak vyolans pou yo janbe baryè ki te antoure lokal Kongrè a, yo te kraze-brize fenèt ak pòt Kapitòl la, epi yo te bloke sètifikasyon viktwa Prezidan Joe Biden nan.

An plis Kevin McCarthy, Depite Kalifòni, manda al jwenn tou Depite Jim Jordan (Ohio), Scott Perry (Pennsilvani), Andy Biggs (Arizona) avèk Bo Brooks (Alabama). Komite a deja tande depozisyon mil temwen e li ranmase plis pase san mil dokiman pandan l ap ankete sou pi move atak ki fèt sou Kapitòl la nan 2 syèk.

XS
SM
MD
LG