Accessibility links

Breaking News

Elon Musk Pare Pou l Rebay DTrump Dwa pou L Itilize Twitter


Donald j trump on twitter
Donald j trump on twitter

Elon Musk, nouvo pwopriyetè Twitter la, deklare li pare pou l leve sispansyon pèmanan ke Twitter te deside kont Donald Trump apre gwoup ki t ap jere rezo sosyal la te deside sispann kont li a akoz atak ki te fèt sou Kapitòl la.

Twitter te sispann kont Trump la paske administratè yo te di ansyen prezidan an te itilize platfòm lan pou l pwovoke reyaksyon moun ki t ap swiv li yo.

Musk, ki t ap patisipe nan yon konferans ke Financial Times te òganize, fè konnen: "Mwen panse ke desisyon Twitter te pran pou l mete ansyen prezidan an deyò, se te yon gwo erè paske desisyon sa a pa anpeche Donald Trump kontinye kominike ak fanatik li yo sou pwòp rezo sosyal li."

Dapre Musk toujou, desizyon Twitter te pran an pa t bon "moralman", e yon entèdiksyon pèmanan ta dwe "trè ra"; yo ta sipoze rezève yon desizyon konsa pou moun ki kreye fo kont sou platfòm lan.

XS
SM
MD
LG