Accessibility links

Breaking News

Ansyen Bra Dwat Trump la, Mike Pence ap Eseye Soti anba Lonbraj Misye


ТрампФинал 14
ТрампФинал 14

Ki lòt moun ke Donald Trump ki ka kandida pou Pati Repibliken an 2024?

Non ansyen vis-prezidan an Mike Pence site plizyè fwa kòm potensyèl kandida, e li piblikman pran distans li ak Trump.

"Hang Mike Pence" (Pann Mike Pence): 6 janvye 2021, se pawòl sa yo ke patizan Donald Trump yo tap rele byen fò nan Kongrè Ameriken an.

Manifestan yo te an kòlè paske vis-prezidan an, pa t dakò pou bloke sètifikasyon viktwa prezidansyèl Joe Biden lan.

7 mwa apre, politisyen an deside vire paj la.

Aprè plizyè ane lwayote enkondisyonèl anvè Donald Trump, Mike Pence ap ogmante apèl depi plizyè semèn, ap wetire tèt li nan seri dosye ke li menm avek bra dwat li te pataje ansamb.

Lendi pase ripti ant Mike Pence avek ansyen prezidan an te vin parét pi klè, kote li te deside al mennen kanpay pou yon kandida ke Donald Trump te refize piblikman pandan eleksyon primè enpòtan yo nan eta Georgia.

XS
SM
MD
LG