Accessibility links

Breaking News

Panèl 6 Janvye: Plis Moun Pote Plis Prèv Kont Trump


Foto Achiv: Depite Repibliken Liz Cheney, ki reprezante eta Wyoming nan La Chanm e ki se ko-direktris komite kap mennen anket sou atak 6 Janvye a.
Foto Achiv: Depite Repibliken Liz Cheney, ki reprezante eta Wyoming nan La Chanm e ki se ko-direktris komite kap mennen anket sou atak 6 Janvye a.

Yon manm Komite La Chanm kap envestige atak 6 Janvye a di gen plis temwen kap pote ba yo nouvo detay revòlt la apre temwayaj konseye Lamezonblanch Cassidy Hutchinson te bay sou Prezidan Donald Trump semèn pase a.

Depite Repibliken Adam Kinzinger ki reprezante eta Illinwa nan Kongrè a di "ap gen yon pakèt lòt enfòmasyon" nan 2 odisyon piblik kap fèt mwa sa a donk "rete branche" paske moun ap kontakte nou "chak jou".

Cassidy Hutchinson, ansyen konseye Lamezonblanch anba administrasyon Trump la, temwaye devan komite La Chanm de Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye kont Capitol la, Madi 28 Jyen 2022.
Cassidy Hutchinson, ansyen konseye Lamezonblanch anba administrasyon Trump la, temwaye devan komite La Chanm de Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye kont Capitol la, Madi 28 Jyen 2022.

Hutchinson te temwaye ke Trump te vle al rejwenn foul patizan li yo ki te move kou kong e ki te mache al nan Capitol la kote yo te lanse yon atak.

Hutchinson di tou ke avoka Lamezonblanch la Pat Cipollone te gen kè sote dèske Trump taka fè fas ak akizasyon kriminèl si prezidan Repibliken an - ki te sou pouvwa a nan epòk la - t'al rejwenn foul la.

XS
SM
MD
LG