Accessibility links

Breaking News

Bowers: " Mwen Te Vote Pou Trump, Men Mwen p ap Fè yon Bagay Ilegal pou li"


Froml eft, Rusty Bowers, Arizona state House Speaker, Brad Raffensperger, Georgia Secretary of State, and Gabe Sterling, Georgia Deputy Secretary of State, are sworn-in as the House select committee investigating the Jan. 6 attack on the U.S. Capitol resu
Froml eft, Rusty Bowers, Arizona state House Speaker, Brad Raffensperger, Georgia Secretary of State, and Gabe Sterling, Georgia Deputy Secretary of State, are sworn-in as the House select committee investigating the Jan. 6 attack on the U.S. Capitol resu

Otorite nan kek eta ameriken detaye ayè madi a kouman ansyen Prezidan Donald Trump ak alye politik li yo te chache anplwaye fo gran elektè nan eta ke li te pèdi devan Demokrat Joe Biden nan eleksyon 2020 an, pou yo te fè Trump kenbe pouvwa a e chanje total vòt yo - malgre pa gen prèv ke te gen fwòd nan konte bilten yo.

Repibliken Rusty Bowers, prezidan chanm Reprezantan eta Arizona, di komisyon nan Kongrè a ki ap ankete sou deblozay nan Capitol Etazini an, 6 Janvye ane pase, ke Trump te soupriye li nan 2 kout telefòn pou l chavire viktwa Biden nan eta sa a ki nan lwès peyi a, men ke li te refize.

Bowers deklare li te vote pou Trump men te di li "Mwen p ap fè yon bagay ilegal pou li" nan nonmen gran elektè pou li, kote Biden te genyen Arizona ak plis pase 10,000 vwa diferans.

Bowers temwaye ke yon avoka Trump, ansyen gouvènè New York Rudy Giuliani, te fè konprann 200,000 migran te vote ilegalman nan Arizona an 2020, ansanm ak 5 a 6-mil mò. Lè Bowers te mande li prèv, Trump te di nan yon kout telefòn, "Bay nèg la sa li mande a, Rudy.

Men Bowers ajoute ke Giuliani pa te janm bay prèv pou vòt ilegal yo.

XS
SM
MD
LG