Accessibility links

Breaking News

Komisyon Ankèt sou Atak 6 Janvye a sou Capitol Etazini an Pwal Tande Ex-Responsab Depatman Jistis yo


January 6 Investigation Day 4 thumbnail
January 6 Investigation Day 4 thumbnail

Komisyon ankèt sou atak 6 Janvye a sou Capitol Etazini (syèj palman an) an pwal tande ansyen responsab Depatman Jistis yo ki te kase fèy kouvri yon kanpay presyon san pran souf ke yo t ap pran nan men Donald Trump sou kesyon rezilta eleksyon prezidansyèl 2020 yo pandan yo t ap chache siprime yon defi dwòl ki te nan mitan yo.

Seyans depozisyon jodi a pwal atire atansyon sou efò ki te boulvèse depatman an lè Trump, nan dènye jou li yo nan pòs la te chache fè moun pliye anba volonte li nan yon ajans lalwa ki te toujou kontan ak endepandans li pa rapò ak Mezon Blanch.

Temwayaj jodi a pwal chache moutre kouman Trump non sèlman te konte sou konseye andeyò pouvwa a, pou mete presyon ak pawòl san prèv ke se li ki te genyen eleksyon an, men tou te chache sèvi ak pouvwa ajans yo nan branch ekzekitif la.

Pami temwen jodi a yo, pwal gen Jeffrey Rosen, ki te minis Jistis pwovizwa pandan atak 6 Janvye a sou Capitol Etazini an

XS
SM
MD
LG