Accessibility links

Breaking News

Temwen: Trump Te Konnen Patizan li yo Te Gen Zam 6 Janvye


Cassidy Hutchinson, ansyen konseye Lamezonblanch anba administrasyon Trump la, temwaye devan komite La Chanm de Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye kont Capitol la, Madi 28 Jyen 2022.
Cassidy Hutchinson, ansyen konseye Lamezonblanch anba administrasyon Trump la, temwaye devan komite La Chanm de Reprezantan kap mennen anket sou atak 6 Janvye kont Capitol la, Madi 28 Jyen 2022.

Donald Trump te konnen patizan li yo tap pote zam 6 Janvye e li te gen entansyon al jwenn yo nan Capitol la malgre pinga li te resevwa kont sa.

Se sa ki soti nan nouvo temwayaj ki fèt devan yon komite La Chanm de Reprezantan kap mennen ankèt sou atak kont Capitol la, 6 Janvye 2021.

Cassidy Hutchinson, ki tap travay kom konseye wo plase chèf Kabinè Mark Meadows anba administrasyon Trump la bay detay sou kisak tap pase nan palè prezidansyèl la jou sa a.

Yon Konseye Wo Plase Trump di Prezidan an Te Pare pou al Nan Capitol la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:11 0:00

Li di li te wè yon Prezidan Trump move kou kong pran volan yon pajeyo prezidansyèl, joure byen joure epi eseye fòse gad sekirite li yo kite'l al rejwenn foul moun ak zam ki tap atake Capitol la.

XS
SM
MD
LG