Accessibility links

Breaking News

Omwens 30 Moun Mouri nan Kapital Somali Apre 2 Eksplozyon


Sekouris yo pote yon moun ki blese grav apre 2 machin pyeje sote nan kapital Somali, Mogadishu, Samdi 29 Oktob, 2022.
Sekouris yo pote yon moun ki blese grav apre 2 machin pyeje sote nan kapital Somali, Mogadishu, Samdi 29 Oktob, 2022.

Lapolis peyi Somali di 2 machin pyeje eksploze nan yon entèseksyon kote te gen anpil aktivite nan kapital peyi a, Mogadishu Samdi.

Atak la fèt nan zòn kote biwo kle gouvènman an sitye e yon pakèt sivil, pami yo timoun viktim.

Atak Samdi a vini 5 an apre yon kokenn chen bonm te sote menm kote a epi touye dè santèn moun.

Yon volontè kap travay lopital di gen omwens 30 moun ki mouri - pi fò nan yo se fanm.

Atak la nan Mogadishu rive yon kou kote Prezidan Somalyen an ak lòt responsab yo tap fè chita tande pou diskite sou kijan yo ka konbat ekstremis kap komèt zak vyolans nan peyi a, sitou sa yo ki afilye ak al-Shabab yon gwoup teworis ki lye ak al-Qaida e ki souvan vize kapital la.

Oken moun poko reklame responsabilite pou zak sa a, men premye minis la blame al-Shabab.

XS
SM
MD
LG