Accessibility links

Breaking News

Burkina: Otorite Yo Ap Fè Rekritman 50,000 Sivil Pou Konbat Mesye Jihadis yo


BURKINA-SECURITY/
BURKINA-SECURITY/

Semèn sa Burkina Faso lanse rekritman 50,000 volontè pou ogmante kapasite defans peyi a. Sivil sa yo pral "ranfòse lame pou yo ka ede konbat pwoblem ensekirite ke teworis jihadis mete nan rejyon an".

Kolonèl Boukaré Zoungrana, ki nan tèt Ministè teritwa, desantralizasyon ak sekirite, te deklare madi "Nou lanse yon rekritman 35,000 , sa vle di 100 VDP pou chak minisipalite" dapre sa nòt la te endike.

"Misyon sivil sa yo nan VDP minisipal sa yo se pou yo mete ansanm ak fòs defans yo ak sekirite, pou pwoteje popilasyon yo ak pwopriyete yo nan minisipalite yo ", ki anba menas atak jihadist yo.

Anplis de sa otorite yo mete yon fòs 15,000 VDP an plas "ki ka deplwaye sou tout teritwa nasyonal la".

Estati VDP yo te defini pa lalwa depi 21 janvye 2020. Li defini kòm "yon moun ki gen nasyonalite Burkinabe, ki pral fè pati Fòs Defans ak Sekirite (FDS) peyi a, moun sa se ap yon volontèman ki ap sèvi enterè ak sekirite vilaj li oswa sektè rezidans li. ".

VDP ap resevwa 14 jou fòmasyon sivik ak militè anvan yo ame yo epi yo ba yo mwayen kominikasyon.

Sitwayen sa yo pral ede peyi a konbat atak jihadis yo ki regilyèman frape Burkina Faso, espesyalman nan nò peyi a.

Gwoup jihadis yo kontwole anviwon 40% teritwa Burkinabe.

XS
SM
MD
LG