Accessibility links

Breaking News

Burkina: Damiba, Chèf Jent la, Demisyone Apre 2 Jou Tansyon


FILE - Lieutenant-Colonel Paul-Henri Sandaogo Damiba, president of Burkina Faso, is seen March 2, 2022, in Ouagadougou.
FILE - Lieutenant-Colonel Paul-Henri Sandaogo Damiba, president of Burkina Faso, is seen March 2, 2022, in Ouagadougou.

Chèf jent la Lyetnan-Kolonèl Paul-Henri Sandaogo Damiba ki te pran pouvwa nan Burkina Faso sa gen 8 mwa de sa apre yon koudeta, demisyone dimanch 2 oktòb apre yo te fin ba li yon koudeta tou.

Nan komansman, Lyetnan-Kolonèl Paul-Henri Sandaogo Damiba, te refize demisyone. Apre sa militè te pran kontwol pouvwa a nan menl e finalman deside pou li demisyone.

Anpil manifestasyon fèt an favè Kapitèn Ibrahim Traoré, 34 an, ki te anonse revokasyon Lyetnan-Kolonèl Paul-Henri Vandredi swa.

Apre yon medyasyon ant 2 gwoup yo ki te chita ak lidè relijye yo ak kominote yo, yo te anonse nan yon nòt pou laprès: "Prezidan Paul-Henri Sandaogo Damiba li menm te pwopoze demisyon li, yon fason pou evite dezod nan peyi a ki ka gen konsekans sou lavi mounn."

Dapre sa nòt la di, Mesye Damiba mande garanti pou sekirite limenm ak patizan li yo, e pou moun ki ranplase l yo respekte angajman yo te pran avek (CDEAO) Sektè Ekonomik Eta Afrik de Lwès kote yo te pwomèt pou yo remèt pouvwa a bay yon sivil nan 2 zan.

Dapre sous diplomatik yo, mesye Damiba ta kite peyi a dimanch pou ale Lomé nan peyi Togo.

XS
SM
MD
LG