Accessibility links

Breaking News

Nouvèl Konsènan Peyi Dayiti


Estasyon Bis nan Pòtoprens
Estasyon Bis nan Pòtoprens

Avoka ki an grèv nan jiridisksyon Pòtoprens la di mouvman an ap kontinye malgre demisyon komisè Pòtoprens la Ocnam Clame Dameus. Avoka grevis yo mande arestasyon ansyen Komisè depatman Lwès la Berson Soljour ak lòt polisye ki abitye nan bouch louvri ak avoka yo.

Avoka yo ap reyini an asanble odinè pou pran yon desizyon apre enstalasyon nouvo komisè gouvènman an mèt Paul Eronce Villard.

Minis Jistis ayisyen an Jean Roody Aly lanse yon konkou rouj nasyonal pou rekrite yon nouvèl pwomosyon 70 elèv-majistra. Fòmasyon an ap dire 16 mwa e l ap dewoule nan lekòl majistrati a. Kandida yo dwe genyen ant 23 a 50 tan.

Lame Dayiti anonse rekritman 500 jèn sou yon lis 4 mil kandida-solda. Nouvo rekri yo, ki se premye pwomosyon solda lame d Ayiti ap kòmanse patisipe nan fòmasyon an nan dat 18 janvye 2019 la pou yon periòd 5 mwa. Militè meksiken, ansyen militè ayisyen ak plizyè ekspè sivil ap kontribye nan fòmasyon premye pwomosyon an.

XS
SM
MD
LG