Accessibility links

Breaking News

Rapò Reprezantan Sekretè Jeneral l'ONU ann Ayiti, Helen La Lime, sou Sitiyasyon an nan Peyi a


Katye Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini nan New York. (Foto: Roman Makhmutov/Sputnik via AP).
Katye Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini nan New York. (Foto: Roman Makhmutov/Sputnik via AP).

"Gras ak yon dyalòg konstriktif e pasifik, gouvènman ayisyen an .... va kapab prepare teren an pou pwochen eleksyon yo epi aplike yon pwogram pou amelyore kalite lavi sitwayen yo." Helen La Lime.

Daprè yon kominike ki sòti nan katye jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an nan New York, nan jounen mèkredi 12 desanm 2018 la, Madam Helen La Lime, Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral la, Antonio Guterres, mete devan Konsèy Sekirite a sitiyasyon jeneral la nan peyi d Ayiti avèk yon bilan travay Misyon Nasyon Zini pou Kore Lajistis ann Ayiti (MINUJUSTH).

Madam La Lime atire atansyon sou konsekans pozitif MINUJUSTH genyen sou ranfòsman kapasite Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), sou pwomosyon dwamoun epi ranfòsman enstitisyon leta yo, avèk piblikasyon, nan dat 26 oktòb pase a, lwa sou kreyasyon ak fonkzyonnman Konsèy Nasyonal pou Asistans Legal la ki tounen yon reyalite aprè plizyè mwa diskisyon. Madam La Lime fè konnen:

"Mizanplas total konsèy sa a pral pote bon jan kontribisyon nan efò k ap fèt pou diminye longè tan yon prizonye konn pase nan kacho, pandan l ap redui an menm tan popilasyon moun ki nan prizon yo."

Helen La Lime, Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral l'ONU an, Antonio Guterres, nan Peyi d Ayiti.
Helen La Lime, Reprezantan Espesyal Sekretè Jeneral l'ONU an, Antonio Guterres, nan Peyi d Ayiti.

Pou sa ki gen rapò ak fonksyonnman aparèy lajistis la, reprezantan espesyal Sekretè Jeneral la fè konnen:

"Genyen anpil travay ki rete pou fèt. Pwojè-pilòt yo dwe epapiye kounye la a atravè tout peyi a; metòd enspeksyon jidisyè yo dwe jwenn ranfòsman pou yo kapab ogmante kantite afè ke jij yo trete."

Pandan Madam La Lime ensiste sou lefèt ke sitiyasyon aktyèl la ann Ayiti chaje ak defi an menm tan ke li chaje ak espwa, li atire atansyon sou “nesesite yon asistans kolektif ki ka pèmèt peyi d Ayiti sòti nan enpas politik kote li twouve l jounen jodi a. Pou fini, reprezantan espesyal la deklare:

"Gras ak yon dyalòg konstriktif e pasifik, gouvènman ayisyen an ki te eli demokratikman, va kapab prepare teren an pou pwochen seri eleksyon yo epi kontinye mete an plas pwogram ki va amelyore kalite lavi sitwayen yo."

XS
SM
MD
LG