Accessibility links

Breaking News

Etazini Ankouraje Pwosesis Demokratik la ann Ayiti


Anbasadè Kenneth Merten
Anbasadè Kenneth Merten

Kenneth Merten, Sou-Sekretè Adjwen nan Biwo Zafè Emisfè Oksidantal nan Depatman Deta Ameriken, te vizite Pòtoprens, Ayiti nan dat 6 pou rive 8 Desanm 2018 la. Vizit Anbasadè Merten nan te chita sou patenarya ki ekziste ant Etazini ak Ayiti depi lontan, avèk angajman peyi Etazini pran pou sipòte pwosesis demokratik la epi ranfòse Etadedwa, yon fason pou garanti estabilite politik ak ekonomik peyi Dayiti.

Pandan vizit Anbasade Merten nan kapital ayisyenn nan, li te rankontre Prezidan Jovenel Moïse, Premye Minis Jean Henry Céant ak Minis Zafè Etranjè a Bocchit Edmond pou diskite sou kesyon kowoperasyon ant Etazini ak Ayiti, epi sou sijè rejyonal yo. Anbasadè Merten te rankontre tou ak Prezidan Sena a, Joseph Lambert, Prezidan Chanm Depite a, Gary Bodeau ak plizye lòt palmantè Ayisyen pou ankouraje pati politik ak lidè ayisyen yo travay ansanm pou avansman enterè ak aspirasyon pèp ayisyen an.

Anplis de sa, Anbasadè Merten te diskite de jefò kap fèt pou ranfòse sekirite, etadedwa epi pou ankouraje kesyon dwa moun ak MINUJUSTH ansanm ak Kò Gwoup (Core Group) la. Vizit sila a se te okazyon pou li rankontre ak reprezantan kominote biznis la tou pou mete aksan sou priyorite ki vize devlopman ekonomik dirab, otonomi, ak ogmante mobilizasyon pou resous nasyonal yo.

Etazini rete angaje nan patenarya li gen ak Gouvènman Ayisyen an ki bay gwo rezilta, pandan n’ap travay pou reyalize objektif nou pataje pou yon Ayiti pi pwospè, ki gen plis sekirite ak plis demokrasi. Nou t ap site yon nòt ki soti nan anbasad ameriken nan Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG