Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kanaval 2019 la Fikse pou 3 a 5 Mas sou Tèm "Respekte Lavi"


Defile kanaval nan Pòtoprens. REUTERS/Marie Arago
Defile kanaval nan Pòtoprens. REUTERS/Marie Arago

Meri Pòtoprens anonse pwochen kanaval yo ap demare soti 3 pou rive 5 Mas 2019. Tèm kanaval la se: " Respekte Lavi". Majistra Youri Chevry mande group mizikal yo pou yo respekte tèm kanaval la nan mizik y ap konpoze pou periòd la. Kavanal Nasyonal Jakmèl la ap dewoule 24 Fevriye 2019.

Nouvèl sou ekonomi ak finas :


Minis Ekonomik ak Finans gouvènman ayisyen an, Ronald Decembre, depoze pwojè bidjè 2018-2019 la devan palman an. Bidjè a estime a 172 milya 800 milyon goud. Selon done yo pwojè bidjè a gen ladann 63 milya goud fon ki gen pou wè ak sosyal e ak envestisman.

Nouvèl relijye:

Pap Francois nonmen Monseyè Marie Eric Glandas Toussaint kòm evèk Dyosèz vil Jakmèl. Ansyen oksilyè Achidiosèz Pòtoprens la ranplase Monseyè Launé Saturne ki vin tounen achevèk vil Kap-Ayisyen.

Nouvèl Politik

Senatè Jean Marie Ralph Fethière ekri Prezidan sena a Joseph Lambert pou l soumèt yon demand bay Ministè Defans ak rekòmandasyon pou revoke wo eta majò fòs ame peyi Dayiti a. Dapre korespondans la, Senatè Fethiere di nouvo eta majò a pasif e komisyon l ap dirije a pa resevwa oken rapò sou pwogrè enstitisyon an.

Nouvèl Sekirite:

Administrasyon Penitansye Nasyonal la lanse yon baz de done sou entènèt la k ap pèmè popilasyon an gen enfòmasyon sou moun ki fèmen nan sistèm penitansye nasyonal peyi a. Site entènèt la ki rele www.dap.ht ap mete tout enfòmasyon konsènan prizonye yo.

XS
SM
MD
LG