Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini Vote Yon Nouvo Rezolisyon pou yon Tranzisyon Demokratik Fèt nan Siri


Nasyon Zini Vote Yon Nouvo Rezolisyon pou yon Tranzisyon Demokratik Fèt nan Siri
Nasyon Zini Vote Yon Nouvo Rezolisyon pou yon Tranzisyon Demokratik Fèt nan Siri

Nouvèl konsènan peyi Siri kote yon kout je sou sitiyasyon an jan l prezanate jounen jodiya, fè konnen, aprè yon semèn gwo bonbadman sou vil Homs, moun poko wè kilè zak vyolans yo pral sispann.

Kantite mò yo kontinye ogmante, e gen militan defans dwa-moun ki akize rejim Prezidan Bashar al-Assad la dèske li komèt krim kont limanite. Sanjeev Bery se yon militan k ap travay ak Amnesty Entènasyonal.

Misye Bery di: “Amnesty Entènasyonal kwè, a la verite, ke gouvènman Assad la, gouvènman siryen an, komèt krim kont limanite. Natirèlman se Tribinal Kriminèl Entènasyonal la ki pou mennen ankèt pou l chache jwenn prèv sou krim sa yo.”

Asanble jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an fè konnnen li prepare dokiman sou abi fòs gouvènmantal yo komèt sou popilasyon sivil peyi a. Pami abi sa yo genyen le fèt ke Leta siryen refize pèmèt prizonye ki blese jwenn swen medikal, twoup gouvènmantal yo ouvè bon jan kout-zam sou moun k ap manifeste nan lapè, epi bonbadman sou katye kote sivil abite.

Se konsa, asanble a vote yon rezolisyon (avèk 137 vwa pou sou yon total de 193 diplomat) pou l lanse apèl bay gouvènman diktatoryal Prezidan Al-Assad la pou mande l: « Mete fen imedyatman nan atak l ap lanse sou popilasyon sivil la »

11 peyi te pote-kole ak Siri pou yo vote kont rezolisyon an ; n ap pale pi espesyalman de peyi Larisi ak Lachin, ki te poze veto yo sou yon rezolisyon menm jan ki te devan Konsèy Sekirite a nan kòmansman mwa pase a.

Anbasadè Siryen an nan l’ONU, Bashar Jaafari, denonse peyi arab ki apiye rezolisyon an ; li akize yo deske yo pote-kole ak teworis pou yo sabote gouvènman Damas la. Li di, avèk pozisyon peyi arab sa yo pran la a, yo kite moun demaske sa li rele « cheval de Troie arab la ».

Anbasadè siryen an di: “ Mesye le Presidan, si nou baze nou sou sa m fèk di la a, li dwe parèt klè ke moun dwe twouve etonan le fèt ke kesyon siryèn nan parèt pou diskisyon nan òganizasyon an nan 3 ajanda ki totalman diferan; e se yon bagay ki fèt nan yon espas de 10 jou sèlman. Sa montre ke, an prensip, se atake nou vle atake Siri."

Rezolisyon an, ki jwenn apui Lig Arab la, mande pou yon tranzisyon demokratik fèt nan Siri, pou Prezidan Bashar al-Assad remèt pouvwa a bay vis-prezidan an, epi fòme yon gouvènman inite nasyonal ki pou prepare eleksyon sou sipèvizyon entènasyonal.

XS
SM
MD
LG