Accessibility links

Breaking News

Siri: Prezidan an Pase Lòd Pou yon Referandòm Dewoule sou yon Nouvo Konstitisyon


Prezidan Bashar al-Assad
Prezidan Bashar al-Assad

Dapre Prezidan Bashar al-Assad, referandòm sa a ka mete fen nan preske 5 dizèn lane gouvènman yon sèl pati ap dirije Siri, nan moman twoup gouvènmantal yo kontinye lanse atak sou zòn kote pèp la antre an rebelyon atravè tout peyi a.

Si pèp la apwouve referandòm sa a, ki fikse pou dat 26 fevriye a, li pral chanje stati pati Bahass ki sou pouvwa a kòm lidè Leta ak Lasosyete. Media leta a rapòte nouvo dokiman an pral pèmèt yon prezidan eli pase 2 manda 7 tan sou pouvwa a, e l ap mete yon limit nan longè tan yon prezidan ka fè nan tèt gouvènman an pou lapremye fwa nan plizyè dizèn lane.

Pandansetan, militan yo di sòlda siryen yo monte yon nouvo ofansiv nan Hama 4 triyèm pi gran vil nan peyi a. Gwoup dwazimen yo di sòlda gouvènman yo ap tire nan katye rezidansyèl yo avèk zam anti-ayeryen ke yo mete sou machin blende.

XS
SM
MD
LG