Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Fèmen Anbasad li nan Siri


Lèzetazini Fèmen Anbasad li nan Siri
Lèzetazini Fèmen Anbasad li nan Siri

Lèzetazini fèmen anbasad li nan Siri e li retire rès diplomat li te genyen nan peyi nan moman fòs gouvènmantal yo ogmante atak ak wòket sou vil Homs – ki donk sitiyasyon ensekrite vin pi grav.

Depatman Deta fè konnen anbasad la sispann fonksyone e anbasadè Robert Ford ak lòt diplomat yo kite peyi a.

Lèzetazini te bay avètisman mwa pase a pou di li t ap fèmen misyon ni an nan Damas amwenske gouvènman Siri a abòde kesyon kè sote ki genyen akoz sekirite. Li site tou sekirite pèsonèl ameriken an ak plizyè eksplozyon machin pyeje ki fèt nan peyi a sa pa gen lontan.

Aksyon sa a ki izole plis toujou gouvènman Prezidan Bashar al-Assad-la akoz operasyon sere-boulon li lanse sou manifestan anti-gouvènmantal yo rive pandan gen plis atak k ap fèt sou vil yo nan peyi Siri.

XS
SM
MD
LG