Accessibility links

Breaking News

Siri: O Mwen25 Moun Mouri nan Zak Vyolans ki Dewoule Vandredi


Siri: O Mwen25 Moun Mouri nan Zak Vyolans ki Dewoule Vandredi
Siri: O Mwen25 Moun Mouri nan Zak Vyolans ki Dewoule Vandredi

Nan Siri, televizyon leta a fè konnen 25 moun pou pi piti mouri, tandiske yon afè de 175 lòt blese nan 2 ekzplozyon ki fèt vandredi 10 fevriye 2012 l a, nan vil Aleppo ki nan pati nò peyi a.

Eksplozyon sa yo te vize yon enstalasyon militè ak yon baz lame a genyen nan prensipal vil komèsyal peyi a, ki te relativman kalm depi kòmansman yon mouvman leve-kanpe popilè kont Prezidan Bashar al-Assad la k ap sakaje Siri depi 11 mwa deja.

Pandansetan nan vil Homs, ki nan pati santral peyi a, militan dwamoun yo fè konnen machin blende lame ap rasanble alantou katye kote opozisyon an genyen majorite patizan l yo pou yon 7èm jou youn apre lòt, nan kad yon operasyon sere-boulon gouvènman an lanse kont rejyon ki antre an rebelyon atravè peyi a.

XS
SM
MD
LG