Accessibility links

Breaking News

Moun nan Peyi Bahamans Ap Pase yon Move Moman Anba Siklòn Dorian


Yon wout ki inonde pandan pasaj siklòn Dorian nan Bahamas. Foto: 2 septanm 2019 (AP Photo/Tim Aylen)
Yon wout ki inonde pandan pasaj siklòn Dorian nan Bahamas. Foto: 2 septanm 2019 (AP Photo/Tim Aylen)

Rezidan nan Bahamas sot pase yon nuit nan lanfè lendi 2 septanm 2019 la pou rive jodi madi 3 septanm nan, nan moman Dorian, yon kokenn siklòn ap make pa anplas nan pati nò zile Gran Bahama, kote van fewòs ap soufle mete ak dlo inondasyon ki monte 17 wotè nan zòn nan.

Ouragan Dorian te touche tè sou zile a byen ta dimanch 31 out la, e li pa tèlman deplase nan jounen lendi a. Kaptenn meteo ameriken atann yo aske siklòn nan pati kite rejyon Bahamas la jodi madi a pou l menase kounye a eta Florid.

Bò kote pa l, premye minis bahameyen an, Hubert Minnis pale pou l di, "Nou twouve n nan mitan yon trajedi istorik nan pati nò Bahamas; misyon ak fokis nou kounye a se chache moun ki an danje pou sove yo, Map mande pou nou priye pou rezidan ki nan zòn afekte yo ak sekouris yo."

XS
SM
MD
LG