Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Vizite Eta Florid Kote Siklòn Michael te Fè Dega ak Viktim

Prezidan ameriken an, Donald Trump, kanpe bò kote Administratè FEMA a, Brock Long (agoch), epi Depite ameriken Ron DeSantis (R-FL) pandan Misye Trump t ap pale avèk Gouvènè Florid la Rick Scott (R) aprè prezidan an te rive pou l fè yon toune nan Baz Ayeryèn Eglin, nan Florid, lendi 15 oktòb 2018 la. (Foto: REUTERS/Kevin Lamarque).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè konpliman pou gouvènè Eta Florid la, Rick Scott, pou efò li deplwaye aprè pasaj Siklòn Michael. Misye Trump bat bravo pou gouvènè a pandan li t ap vizite kèk pati nan Eta Florid ki bay sou Gòlf Meksik la. Lidè ameriken an, ki t ap pale pandan Misye Scott te kanpe bò kote l, deklare:

“Travay ki fèt nan Florid la se yon travay enkwayab. Ou se yon gran gouvènè. Ou vrèman demontre sa. Ou rive fè fas ak pi gwo ijans yo, pwoblèm ki pi difisil yo e ou reyalize travay la.”

Prezidan an ajoute konpayi elektrik yo “te enkwayab e yo te reponn vit” pou yo rebay kouran nan kay ki chape anba dezas natirèl la; men li atire atansyon sou lefèt ke siklòn nan kraze anpil kay. Omwen 17 moun mouri pandan gwo move tan sa a t ap pase sou Eta Florid, Jòji, Kawolin di Nò, Kawolin di Sid avèk Vijini. Pami zòn ki plis frape yo, genyen Mexico Beach, yon ti vil sou kòt sid Florid; daprè Gouvènè Scott, kounye a li sanble ak yon chan-batay kote yon lagè fèk dewoule.

Ti vil Mexico Beach kote Siklòn Michael fè anpil dega aprè li te ateri mèkredi 13 oktòb 2018 la.
Ti vil Mexico Beach kote Siklòn Michael fè anpil dega aprè li te ateri mèkredi 13 oktòb 2018 la.

Vwayaj Prezidan Trump fè lendi 15 oktòb la ansanm avèk madanm li, Melania, se yon deplasman ki fèt pandan ekip sekouris ak chèchè yo kontinye chache moun ki disparèt toujou preske yon semèn aprè pasaj siklòn nan. Lidè ameriken an di li gen plan tou pou l al vizite zòn domaje ak moun ki viktim yo nan Eta Jòji.

XS
SM
MD
LG