Accessibility links

Breaking News

Bilan viktim Siklòn Michael se 11 - 5 nan Yo nan Eta Vijini


Bato ki kraze nan vil Mexico City, Eta Florid, aprè pasaj Siklòn Michael sou pati sid eta a.
Bato ki kraze nan vil Mexico City, Eta Florid, aprè pasaj Siklòn Michael sou pati sid eta a.

Ozetazini, Sant Nasyonal pou Siklòn nan fè konnen tanpèt tropikal Michael ap kite kòt Eta Virjini pou l antre sou Oseyan Atlantik la. Daprè espesyalis tan yo, nan kèk pati Eta Kawolin du Nò mou ka konstate toujou van ki koze anpil dega ak inondasyon ki fèt sanzatann; yon fenomèn ki menase lavi rezidan yo.

Tanpèt twopikal la pote avèk li toujou gwo vouvari van k ap soufle a 85 kilomèt alè. Byen bonè jedi 11 oktòb la, Michael te pote gwo van ak anpil lapli sou eta ki nan pati sidès peyi a (eta tankou Jòji ak 2 Kawolin yo) aprè li te fin devaste plizyè rejyon nan pati sid eta Floride ki bay sou Gòlf Meksik la kote li te touche tè mèkredi apre-midi; lè sa a li te gen fòs yon siklòn kategori 4, e menm preske 5. Michael se siklòn ki pi puisan ki janm frape pati sa a Ozetazini; pou puisans li se 3èm pi gwo siklòn ki touche tèritwa ameriken an.

Michael Williams, ki gen 70 zan, ap voye men bay chofè k ap pase pou mande yo sekou aprè Siklòn Michael te fin kraze kay li nan vil Springfield, Eta Florid, 11 oktòb 2018.
Michael Williams, ki gen 70 zan, ap voye men bay chofè k ap pase pou mande yo sekou aprè Siklòn Michael te fin kraze kay li nan vil Springfield, Eta Florid, 11 oktòb 2018.

Dènye nouvèl ki parèt nan kòmansman jounen vandredi 12 oktòb la fè konnen omwen 11 moun mouri pandan pasaj Michael -5 nan Vijini malgre se yon tanpèt twopikal ki pase sou Eta sa a.

XS
SM
MD
LG