Accessibility links

Breaking News

Siklòn Dorian Kap Avanse Tipa-tipa an Direksyon Bahamas Reprezante yon Gwo Danje


Pò Marsh nan Bahamas, ki anba frap siklòn Dorian. Foto: premye septanm 2019. Mark Hall/Christopher Hall via REUTERS.
Pò Marsh nan Bahamas, ki anba frap siklòn Dorian. Foto: premye septanm 2019. Mark Hall/Christopher Hall via REUTERS.

Kaptenn meteyo ameriken itilize mo tankou katastwofik ak devastatè pou dekri siklòn Dorian, nan moman lap trennen tipa-tipa nan direksyon Zile Bahamas jjoune lendi 2 septanm 2019 la, kote li kapab vin tounen yon ouragan ki pral menase lavi moun akoz gwo kokenn lapli ak vouvari van li pral pote avè l.

Siklòn Dorian poze yon gran danje pou zile Bahamas nan kòmansman jodi-a poutèt lap vanse tou dousman nan zòn-nan. Kidonk , moun pral santi enpak li pandan lontan.

Sant nasyonal ouragan Etazini an di byen bonè jodi lendi-a siklòn nan ap pran direksyon lwès ak yon vitès 2 kilomèt alè, e li mache ak vouvari van kap soufle a 270 kilomèt alè.

Meteyològ di Dorian kapab afekte Bahamas pandan pifò jounen lendi sa a kote li gen posiblite pou l lage ant 30 e 60 santimèt laplis sou teren an.

XS
SM
MD
LG