Accessibility links

Breaking News

"Dorian" Kapab Tounen yon Siklòn Kategori 4 Lè l Va touche Kòt Ès Eta Florid Lendi 2 Septanm 2019 la


3 imaj Siklòn Dorian, daprè sa Satelit La NASA te obsève nan dat 27-29 out 2019 la. Foto sa a montre siklòn nan ap pote gwo lapli, anpil nyaj ak gwo van. (Foto: LA NASA/JPL-Caltech).
3 imaj Siklòn Dorian, daprè sa Satelit La NASA te obsève nan dat 27-29 out 2019 la. Foto sa a montre siklòn nan ap pote gwo lapli, anpil nyaj ak gwo van. (Foto: LA NASA/JPL-Caltech).

Sant Nasyonal Meteo Lèzetazini an fè konnen, nan jounen vandredi 30 out 2019 la, Siklòn Dorian ap ranmase fòs pou l tounen yon siklòn kategori 3 e espesyalis yo di se yon siklòn ekstrèmman danjre. Move tan an ap deplase nan direksyon pati nòdwès Zile Bahamas yo e yo prevwa li pral ranfòse plis toujou pandan l ap kontinye wout li nan direksyon Preskil Florid la.

Gouvènman bahameyen an piblye yon avètisman ki mande popilasyon an k ap viv nan pati nòdwès peyi a rete veyatif, tandiske Prezidan ameriken an, Donald Trump, dekrete yon eta dijans pou Eta Florid. Gwo lapli Dorian ap pote avèk li kapab pwovoke inondasyon ak kouran dlo ki ka touye moun, daprè sant nasyonal meteo ameriken an. Dorian pote avèk li van k ap soufle a 185 kilomèt alè. Daprè previzyon espesyalis yo, lè Dorian pral touche tè nan pati sid-ès Eta Florid nan jounen lendi 2 septanm nan, van li yo pral frape kòt yo avèk yon fòs o-mwen 209 kilomèt alè, sètadi se va deja yon siklòn kategori 4. Yon siklòn kategori 4 gen fòs ase pou l koze sa espesyalis yo rele « domaj katastwofik » -sètadi li kapab detrui gwo kay ak gwo konstiksyon, kraze wout, epi lage a-tè pyebwa ak poto elektrik.

Moun k ap achte pwovizyon nan magazen Costco, nan vil Davie, Eta Florid, nan moman Siklòn Dorian ap pwoche sou Eta a. (Foto: 29 out 2019,).
Moun k ap achte pwovizyon nan magazen Costco, nan vil Davie, Eta Florid, nan moman Siklòn Dorian ap pwoche sou Eta a. (Foto: 29 out 2019,).

Eta dijans otorite ameriken yo deklare pou Eta Florid la pare chemen an pou twoup Gad Nasyonal la pote sekou bay moun nan zòn afekte yo, menm jan sa ka pèmèt rejyon sa yo resevwa plis pwovizyon gaz. Jeneral Jame Eifert, kòmandan Gad Nasyonal Florid la, di depi nan fen jounen vandred 30 out la, yon afè de 2 mil manm gad la deja mobilize, tandiske 2 mil lòt pare pou ranfòse efektif la pandan jounen samdi 31 out la.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, anile yon vwayaj li te gen pou l fè nan peyi Lapolòy pou l kapab « gen asirans ke tout resous gouvènman federal la konsantre sou move tan k ap pwoche a… .. » Prezidan an di : « Li trè enpotan pou m prezan nan peyi a nan moman sa a. » Donald Trump posede anpil pwopriyete nan Eta Florid; pami yo genyen yon sant touristik nan Mar-a-Lago, nan vil Palm Beach, epi Hotel Doral Nasyonal Trump la, ki nan Miami. Lidè a ameriken an pwopoze pou Otèl Doral la sèvi kòm syèj pwochen Somè G-7.

Gouvènè Eta Florid la, Ron DeSantis, deklare: “Mwen panse genyen yon gwo posiblite pou Dorian tounen yon gwo kokenn siklòn.” Anfen nan katye-jeneral La NAZA ki nan Eta Florid la, responsab Sant Kennedy a kòmanse deplase platfòm ki abitye sèvi pou lanse mize a e yo pral mete l nan yon gwo anga ki bati yon jan pou l reziste kont tout gwo van.

XS
SM
MD
LG