Accessibility links

Breaking News

Etazini: Minis Defans Panetta Rele Efò Twoup yo nan Afganistan yon Viktwa


Etazini: Minis Defans Panetta Rele Efò Twoup yo nan Afganistan yon Viktwa
Etazini: Minis Defans Panetta Rele Efò Twoup yo nan Afganistan yon Viktwa

Minis defans Etazini an, Leon Panetta, deklare ke kowalisyon Lèzetazini ap dirije ranpòte la viktwa nan lagè a nan Afganistan nan moman sòlda etranje yo kontinye ap transfere responsabilite sekirite peyi a bay fòs Afgan yo anvan yon tan limit ki fikse pou 2014.

Msye Panetta di sòlda Etazini ki estasyone nan pwovens Paktika nan lès Afganistan ke y ap konfwonte kèk defi enpòtan nan konfli sere sa a. Men li pwomèt pou etabli yon peyi san danje ki ap gouvène tèt li kote Taliban ak Al-Kaida paka jwen refij.

Minis defans Etazini an ap fè yon virewon 2 jou nan Afganistan pou l tcheke sou pwogrè efò Etazini ap dirije kont rebèl ke li di ki rive nan yon moman desizif ane sa a apre yon dizèn lane ap konbat Taliban.

Msye Panetta gen pou l rankontre ak prezidan afghan an, Hamid Karzai.

XS
SM
MD
LG