Accessibility links

Breaking News

Sekretè Defans Etazini an Rive nan Afganistan

Sekretè defans ameriken an, Leon Panetta, twouve l nan Afganistan pou l evalye efò Lèzetazini ap dirije kont rebèl yo, yon efò li di ki rive nan limit li ane sa a apre yon dizèn lane batay ak mesye taliban yon

Sekretè defans ameriken an, Leon Panetta, twouve l nan Afganistan pou l evalye efò Lèzetazini ap dirije kont rebèl yo, yon efò li di ki rive nan limit li ane sa a apre yon dizèn lane batay ak mesye taliban yon.

Mesye Panetta debake nan kapital afgan an, Kaboul, pou l fè chita-pale ak kòmandan militè ameriken e responsab afgan.

Pandan chèf Pantagonn nan te nan avyon ki t ap men-nen l nan Afganistan an, li di jounalis yo militè ak polisye afgan yo pi byen prepare jounen jodi a pou pran kontwòl sekirite nasyon azi di sid la, nan moman twoup kowalisyon yo ap pati kite peyi yo a tikras pa tikras.

Bo kote pa l, prezidan ameriken an, Barack Obama, te pase lòd nan kòmansman ane –a pou yo retire 10 mil solda distans pou 2011 rive nan bout li, plis 23 mil lòt solda disi mwa oktòb 2012.

XS
SM
MD
LG