Accessibility links

Breaking News

Etazini Mete Fen nan gè Irak la


Etazini Mete Fen nan gè Irak la
Etazini Mete Fen nan gè Irak la

Minis defans ameriken an, Leon Panetta, di rèv Etazini genyen pou Irak ta vinn tounen yon nasyon endepandan e ki granmoun tèt li , enben rèv sa a pase nan faz reyalite kounye a, nan moman Washington ap mete fen nan misyon militè li a nan nasyon arab la.

Mesye Panetta pale nan yon seremoni ki dewoule nan Bagdad, li kalifye moman sa a kòm yon okazyon istorik ni pou pèp irakyen an, ni pou pèp ameriken an. Seremoni sa a dewoule kèk semèn anvan yon dat limit 31 desanm pou rès sòlda Etazini yo soti nan Irak.

Te gen apeprè 4 mil sòlda ameriken ki rete nan Irak, yon kantite redwi konparativman a 170 mil ki te genyen nan somè lagè a. Minis defans Etazini an, Leon Panetta deklare sòlda sa yo pral kite Irak , yo konnen yo te ede pèp irakyen an kòmanse yon nouvo chapit nan istwa li ki se libere de tirani, e espwa total pou prosperite ak lapè.

XS
SM
MD
LG