Accessibility links

Breaking News

Minis defans Ameriken an ap Kontinye yon Virewon nan Afganistan


Minis defans ameriken an, Leon Panetta, di Lèzetazini ak alye li yo ap ranpòte la viktwa nan lagè 10 zan an kont sa li konsidere kòm yon konfli gason-pa-kanpe ak rebèl Taliban yo
Minis defans ameriken an, Leon Panetta, di Lèzetazini ak alye li yo ap ranpòte la viktwa nan lagè 10 zan an kont sa li konsidere kòm yon konfli gason-pa-kanpe ak rebèl Taliban yo

Minis defans ameriken an, Leon Panetta, di Lèzetazini ak alye li yo ap ranpòte la viktwa nan lagè 10 zan an kont sa li konsidere kòm yon konfli gason-pa-kanpe ak rebèl Taliban yo.

Pandan minis defans la t ap pale nan yon konferans konjwen pou laprès avèk prezidan afgan an, Hamid Karzai, li fè konnen fòs ameriken ak afgan yo te kapab elimine elan taliban yo te pran sou fòs kowalisyon yo nan Afganistan:

"Pa gen dout nan 2 zan ki pase yo, fòs afgan ak fòs entènasyonal yo te kapab sezi momantòm, nan men rebèl Taliban yo e etabli sekirite nan zòn kritik tankou nan bastyon Taliban yo nan sid Afganistan, mwen panse sa reprezante yon bagay enpòtan nan lagè a."

Patwon Pentagon nan te pale pandan yon vizit 2 jou li te al fè nan Afganistan pou l tcheke sou pwogrè efò kont rebelyon Etazini ap dirije nan Afganistan an.

XS
SM
MD
LG