Accessibility links

Breaking News

Manifestan Matinik Atake Kay yon Responsab Fransè


Manifestan yo sevi ak yon aparey konstriksyon pou antre nan biwo lapos epi rache yon aparey ATM la bank soti nan Fort-de-France, Matinik, 27 Nov. 2021.
Manifestan yo sevi ak yon aparey konstriksyon pou antre nan biwo lapos epi rache yon aparey ATM la bank soti nan Fort-de-France, Matinik, 27 Nov. 2021.

Manifestan nan Matinik atake rezidans ofisyèl reprezantan pi wo plase Lafrans sou zile a. Yo mete dife nan kay la, dapre komisè gouvenman lokal la, nan moman manifestasyon kont pwotokòl COVID-19 yo te kontinye sou teritwa Outremè Lafrans sa a.

Biwo komisè gouvenman an di manifestan yo, ki te gen mask nan figi yo, mete dife nan rezidans ofisyèl prefè a, ki se responsab pi wo plase Franse nan Matinik. Men pat gen gwo dega.

Komisè a konfime deklarasyon Minis Enteryè Gerald Darmanin te fè pi bonè pou di manifestan yo atake lapolis tou, e gen yon polisye ki blese grav.

Media Franse Altice rapòte ke jounalis ki travay pou rezo BFM TV, Radio RMC, Agence France Presse ak ajans ABACA te sibi atak tou.

Otorite zile a dekrete yon kouvre fe Jedi pase a apre manifestan yo te mete dife nan boutik, boule kawotchou nan lari epi monte barakad pou bloke wout yo.

Manifestasyon kont pwotokòl COVID-19 la France mete an plas yo dewoule nan Gwadloup tou, ki se yon teritwa Outremè Lafrans menm jan ak Matinik.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG