Accessibility links

Breaking News

Matinik: "Ase Ase Ase!"


A person mans a barricade blocking a bridge on November 25, 2021 in Fort-de-France, on the French Caribbean island of Martinique as hardline opponents of measures to limit the spread of Covid-19 clashed again with security forces for a third consecutive
A person mans a barricade blocking a bridge on November 25, 2021 in Fort-de-France, on the French Caribbean island of Martinique as hardline opponents of measures to limit the spread of Covid-19 clashed again with security forces for a third consecutive

Nan mouvman leve-kanpe nan Matinik kont vaksen anti COVID la, plizyè machin boule, debri epapiye nan lari nan mitan lannwit lan, nan distri Sainte-Thérèse. Sendikalis di yo gen entansyon "bloke" zile franse a.

Dapre prefekti a, vyolans yo te fèt nan mitan lannwit, kote yo te mete dife nan machin yo, boutik yo piye, epi te gen lese frape vyolan ant manifestan ak lapolis. Sèt ofisye nan lapolis ak senk jandam te blese .

Evelyne, yon edikatris espesyalize, deklare "ase ase ase". Madanm sa a, ki te enstale depi 4h di maten li te fache anpil. "Sa fè de mwa depi mouvman an te kòmanse, kounye a nou chanje metòd nou: nap bloke peyi a".

Li te prezan ak 20 patizan - pi fò nan yo mete mayo wouj sendika a - e yo t ap manifeste sou yon wout ki trè estratejik paske li mennen nan pò komèsyal zile a. Apeprè 10 kamyon te kanpe nan yon ranpa kote moun paka pase. Gen kèk otomobilis ki te eseye plede kòz yo pou yo pase baraj la.

Evelyne, ki pito pa bay non li tankou pifò Martiniquais yo kesyone, rete konfyan sou mouvman pwotestasyon an.

Entè-sindikal la lanse yon mouvman grèv jeneral nan Matinik - an patikilye - pou pwoteste kont obligasyon vaksen an.

XS
SM
MD
LG